Ale dirèk nan kontni an
Platfòm aprantisaj #1 an Kreyòl

Aprann nenpòt metye.
Chanje lavi w.

Soti nan premye leson w rive nan premye revni w — Akademi Mantalite Kominote akonpaye w chak etap, nan lang ou pale a.

Elèv
6+
Elèv
Kou
3+
Kou
Pwofesè
2+
Pwofesè
Sètifika bay
1+
Sètifika bay
Akademi MK

Poukisa Akademi MK?

Nou bati platfòm nan pou reyalite w, pa pou reyalite yon lòt moun.

  • Nan lang ou

    Kou nan Kreyòl, Franse ak Anglè. Ou aprann pi vit lè w konprann chak mo.

  • Sètifika ki gen valè

    Chak sètifika gen yon QR code ak yon ID inik nenpòt anplwayè ka verifye anliy.

  • Aprantisaj serye

    Ou pa ka sote videyo. Chak leson debloke lè w fin konprann sa ki anvan an.

  • Sou telefòn ou

    Platfòm nan mache pafètman sou Android, iPhone, tablèt ak òdinatè.

4 etap

Kijan sa mache

  1. 01

    Kreye kont ou

    Gratis, an 30 segonn. Chwazi domèn ki enterese w yo.

  2. 02

    Swiv kou a

    Videyo, egzèsis ak quiz apre chak chapit. Pwogrè w sove otomatikman.

  3. 03

    Pase egzamen an

    Nan fen kou a, montre sa w aprann nan yon egzamen final.

  4. 04

    Resevwa sètifika w

    Diplòm ak sètifika siyen, ak QR code pou verifikasyon.

Vin Pwofesè

Ou gen yon konpetans? Anseye l.

Pataje sa w konnen ak dè milye elèv epi jenere revni. Nou okipe peman, hosting ak sètifika yo — ou okipe anseye.

Kominote w ap tann konesans ou.

Kreye kont ou jodi a epi kòmanse premye kou w gratis.